TKSK: 21 jou menu tansyon san presyon – Jou 15

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap kontinye avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 15

Tankou nou pa janm bouke di li tou le jedi, ou ka melanje resèt yo, selon gouw. Rezon ki fè mwen varye resèt yo se pou ka manje ak kè kontan vant deboutonnen.

MATEN

  • ¾ tas fwomaj 2% M.G. (Matyè Gras)
  • 1 tas fwit fre koupe an salad
  • 1 tranch pen (si posib fèt ak grenn antye)
  • 1 kiyè (pou bwase kafe) konfiti ki pa gen twòp sik.

NAN PÒZ

  • 1 zoranj (oubyen 2 mandarin si se sezon an)
  • 1 ponyen zanmann

A MIDI

  • 1 salad krevèt ak sereyal (quinoa siw jwenn).

Si tout fwa ou pa ta rive vè 3 ze pran

  • 2 kiyè nwa griye
  • 1 pèch fre.

ASWÈ

  • Frittata brokoli
  • Salad vèt, tomat seriz, ak konkonme
  • Yonfwa se pa abitid ou ka kore tout sa ak yon ti « Yogourt nature », myèl

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: psychomedia.qc.ca

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 4

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 5

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 6

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 7

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 8

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 9

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 10

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 11

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 12

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 13

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 14

Un commentaire

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.